Me ki sa kèk sitwayèn e sitwayen panse sou dènye pozisyon Fowòm Ansyen Pwemye Minis ayisyen yo, ke yo kalifye kòm demolisè ki ta sanble ki pa kredib.

968

Me ki sa ki tradwi santiman kèk sitwayèn ak sitwayen ayisyen sou rekèt Fowòm Ansyen Pwemye Minis (FAPM) ayisyen yo. Plizyè nan reyaksyon sila yo, genyen pou wè avèk yon seri echantiyon ki kolekte atravè mikwo twotwa nan diferan depatman peyi a.

  • Tan kou jan sa toujou fèt, se yon ekip granmoun dezòdone ki soufwi nostalji pouvwa.
  • Youn pa vo lòt e chak ta sanble ap trennen dèyè yo yon viris kòripsyon.
  • FAPM se menm ekip demolisè sa ki lage peyi a nan sa li ye la.
  • Se yon ekip ansyen rat, ki oze parèt tèt yo pou vinn repwodwi tèt yo kòm Mesi pou retire peyi a nan malpwopte ke yo te deja lage’l la.
  • Se yon seri iresponsab, ki souse bwat sekrè peyia, e ki soufwi anemi kredibilite.
  • Se yon seri echwe, ki koze peyi a anpil tò moral.
  • Apwè anpil deriv ak konpòtman souflantchou nan tèt kole avèk “blan kolon” pou detwi popilasyon ayisyèn, se koulya yo oze ap pale osijè “sursaut patriotique”.
  • Plizyè nan yo enplike e akize nan zak gansterizasyon ak krim finansye.
  • Se yon ekip demolisè ki pa genyen menm yon 10% kapasite nan bònn gouvènans konparativman ak jan kèk lòt ti “peyi katye” nan Karayib la ap asiste e pran swen pèp lakay yo.
  • Se yon seri demolisè ki genyen men yo tranpe nan mizè ak kòripsyon ki efondre sosyete ayisyèn nan.
  • Anpil moun pa kapab konpran, avèk ki figi pou yon parèy ekip demolisè ki repwezante yon wont nasyonal, ap vinn pale sou moun toujou.
  • Se yon ekip residivis, ki ta merite antre nan kokiy yo.
  • Yo tout ki reprezante yon parèy Fowòm ki senbolize “La Honte Personnifiée” ak “Incapabilité”, ta dwe ale reponn kesyon Lajistis pou kantite dega ak soufwans ke yo koze pèp ayisyen an.
  • FAPM se yon ekip initil “déjà vus”, ki pa repwezante absoluman anyen ke “NÉANT” nan gouvène peyi Dayiti.
  • Avèk ki odas, yon ekip enkapab, kapab oze vinn jwe sou memwa popilasyon an, nan objektif pou vinn repwodwi tèt yo.
  • Anpil nan yo, genyen non yo ki site nan malvèsasyon ak kòripsyon.
  • Se yon seri kolònn ansyen ki fè Ayiti wont devan je planèt la.
  • Se yon seri echwe ki afiche yon enkonpetans devan anpil ti peyi nan Karaib la.
  • Se koulya, Fowòm ansyen rat sa yo, konnen ekzistans: inovasyon, envèstisman, djòb, inite, ensekirite jeneralize, patriyotism, kreyasyon anplwa, eta dedwa, e koperasyon entènasyonal.
  • Fowòm nan genyen vwa dlo; li pa pwòp nan nivo nasyonal e entènasyonal.
  • Se yon ekip echwe ki soufwi defisyans kredibilite.
  • Si te genyen vrèman enstitisyon kap veye sou “Dwa Moun” atravè planèt la, tout moun ki konpoze yon parèy fowòm enkonpetan nan “Bonne Gouvernance”, ta dwe tradwi devan yon tribinal entènasyonal.
  • Yon parèy Fowòm, pa genyen yon pouvwa konvokasyon ase, pou ta lanse apèl pou “Inite”.
  • Apwè tout sa yo finn regle nan piye ak dekrase bwat sekrè Leta a, yo oze ap mande yon sekirite ke yo pat janm mete anyen anplas pou li.
  • Se yon ekip ansyen rat do kale ou voryen, ki tap fè fòtin devan kon dèyè, epi koulya, ap reve yon plan devlopman ekonomik.
  • Se yon Fowòm iluzyonis, ki mete yon peyi ajenou akoz iresponsabilite, dezonètete, kòripsyon, enpidisite, e kretinism ki genyen anpil tan ap souse manmèl enstitisyon etatik yo.
  • Majorite nan yo genyen kòb peyi a nan menm yo; e yo ta dwe ale rann kont e di “C’est ma faute”!
  • Se yon ekip ansyen rat, ki pa pwòp nan jerans peyi a. Majorite nan sa yo posede arive fèt nan piye Leta, nan abi otorite, ak nan vann djòb nan enstitisyon peyiaatravè senate ak depite.
  • Kòman pou yon parèy ekip reselè, ki koze peyia anpil malè ak malvèsasyon, oze ap parèt tèt yo ankò sou moun; se sèl pongongon sa yo ki reprezantab?
  • Li tris, pou se granmoun deregle sa yo, ki pran chans ap pale sou moun toujou.
  • Anpil moun estime se yon afwon ak enpètinans, pou yon ekip parèy, ki kondwi Ayiti nan kòripsyon ak efondreman, gen kouraj ap fè popilasyon ayisyèn nan leson.
  • Yon ekip ansyen deregle, enkonsyan, gagotè, kòriptè, ensanse, ki soufwi nostalji “Haut Fonctonnaire de L’État”, gen kouraj ap vinn repwodwi tèt yo ankò.
  • Se yon Fowòm, kote tout iresponsab sa yo, sere ou envèsti lajan ilegal yo nan lòt peyi.
  • Fowòm nan ap vinn reveye popilasyon ayisyèn nan nan nich li.
  • Apwè tout sa ekip demolisè sa yo fè ak peyi a, ki sa ke yo ap chèche ankò?
  • Ke Fowòm sa ale dwat nan lanfè, paske se yo tout ki enplike nan efondreman yon peyi ke yo menm tap gouvène.
  • FAPM pa byen plase pou li pwone yon mesaj inite!
  • Ke FAPM ale tou dwat nan lanfè; konsa, peyia ap debarase li de kèk grenn kansè ki redwi Ayiti ak nasyon ayisyèn nan pi mal nan fatra ak konplisite PHTK (Plonje Hayiti Tou Kanpe).

Comments are closed.