Dràm sikilasyon : Yon kamyon pase sou yon sitwayen nan Ri Lajistis nan Tigwav.

08 – 18 – 2026
Tigwav, Ayiti ____ (TRiboLAND) Yon sitwayen yo pa rive revele idantite li mouri anba yon machin maten madi 18 dawout 2026 lan, nan Ri Lajistis nan vil Tigwav. Sitwayen an rive jwen lanmò li nan moman li te kouche anba yon kamyon epi chofè a demare san li pa jete yon koudèy li pase machin sou li.
Kèk rivyen nan zòn Ri Lajistis ki tap swiv sèn nan, ki pa dakò ak chofè a, pa make mo pou yo kriti li akoz yo di li pat dwe demare kamyon an san li pa jete yon koudèy anba machin lan. Yo fè konnen se yon minimòm pou yon chofè konnen nan kad egzèsis fonksyon li.
Yon lòt kote, sitwayen yo pa mete dlo nan bouche yo pou denonse konpòtman chofè kamyon kabotay kap rantre sòti nan vil Tigwav; ki pa respekte oken prensip espas otorite kominal yo mete pou yo estasyone machin yo. Pou anpil moun, li pa nòmal pou chofè yo ap kouri moute dasan’n agoch e adwat jan yo vle, lè yo pipito, selon rivyen yo nan zòn Ri Lajistis nan komin Tigwav.






