Tigwav Anviwonnman : Pastè Clautaire Saincyla mande MTPTC pou entèvni nan rivyè Ladig la.

04 – 23 – 2026
Tigwav, Ayiti ____ (TRiboLAND) Clautaire Saincyla, se non yon pastè kap viv nan vil Tigwav; nan yon interview li akòde lapwès jounen 22 avril 2026 lan, mande Leta Santral atravè Ministè Travo Piblik Transpò ak Kominikasyon (MTPTC) pou entèvni nan rivyè Ladig Tigwav la.
Sèvitè Bondye a, repwoche leta ayisyen li di, plis pase 15 jou aprè 2èm inondasyon Ladig la ki te frape popilasyon an, tankou moun kap viv nan perimèt rivyè a, moun Nan Zanana, moun Fon Fab, ki daprè li, yo pa fè anyen pou ta bouche kèk brèch ki devèse sou abitan yo epi inonde kay yo.
Mete sousa, menm Wout Nasyonal la ki se prensipal travès ki mennen nan 3 depatman tankou Grandans, Sid, Nip ak yon bòn pati nan lwès la, rete bloke, kote ke menm moun apye pa menm kapab frekante yon seri lokalite, alewè pou machin ak motosiklèk.
Nan sans sa a, Pastè Clautaire Saincyla ki deklare si semèn sa a, pa genyen anyen serye ki fèt pou anpeche dlo rivyè Ladig kontinye depatcha popilasyon an. Li ankouraje moun nan kat kwen vil la, pou leve kanpe pou fòse leta lokal ak santral la tande kri popilasyon an ki alagoni.






