Endividi pèsòn pa rive idantifye Tchake Ak Kout Manchèt ougan Zandolit ensikoni nan komin mòtòganize

647

“Zandolit” ensikoni, blese grav ak kout manchèt; se gras ak vijilans popilasyon an, yo rive kouri avèk li lopital.


08-10-2023

Montòganize, Ayiti____(TRiboLAND) Yon wougan anpil moun konnen sou non “Zandolit”, blese grav ak kout manchèt nan zòn Montòganize nan depatman Nòdès la.

Enfòmasyon ki rive jwenn TRiboLAND, ta fè kwè, endividi ki komèt zak la, te soti nan repiblik dominikèn e se ta avèk menm manchèt viktim nan li tchake l. Ougan Zandolit, pou kounye a trouve l sou kabann lopital ap pran swen, alòske pwezime kriminèl ta deja anba ponyèt lapolis.

Zak kriminèl sa a, lage tout kominote Montòganize a, nan gwo dezolasyon, patikilyèman lakay zanmi ak fanmiy wougan Zandolit.

Comments are closed.