Fòmasyon pou yon 31èm pwomosyon polis demare: plis pase 600 aspiran pami yo 133 fanm

05/18/2021
Pòtopwens_____(TRiboLAND) Yon nouvo fòmasyon polisye deja ap boujonnen anndan École Nationale de Police (ENP) la. Gwoup aspiran sa yo ki depase 600 deja fèmen anndan enstitisyon akademik sa dimanch ki te 16 me 2021 an.
Peryòd fòmasyon sa gen pou dure 8 mwa ron kon djondjon e responsab yo konte rapouswiv ak kontinye analize dosye aspiran sa yo pandan tout peryòd fòmasyon sa, dapwè yon nòt pou lapwès ke direksyon Polis Nasyonal la fè sòti.






