Yon gwoup jounalis denonse yon seri seyans fòmasyon tèt chat KEP tap òganize pou jounalis nan rejyon gwavyèn nan.

05 – 13 – 2026
Tigwav, Ayiti ____ (TRiboLAND) Yon gwoup jounalis nan Tigwav, nan yon entèvansyon yo fè mèkredi aprèmidi 13 me 2026 lan, pa mete dlo nan bouch yo pou denonse yon seri seyans fòmasyon tèt chat ke Konsèy Elektotal Pwovizwa a (KEP) te voye òganize pou jounalis yo nan rejyon gwavyèn nan. Anba tèm jesyon enfòmasyon nan peryòd elektoral.
Jounalis korespondan Radyo Karayib nan Tigwav, Anel Joseph ki te pran lapawòl nan non jounalis yo fè konnen, se yon echèk total pou manm BEK Tigwav yo, paske daprè li, pa genyen oken’n jounalis korespondan, ni jounalis nan nivo lokal ki patisipe nan seri seyans fòmasyon ki tap fèt yo pandan 3 jou nan otèl Fòwayal Tigwav.
Anel Joseph kap poze kesyon pou konnen pou ki sektè manm BEK Tigwav yo atravè KEP la tap fè fòmasyon sa a, lè li konsidere jounalis korespondan yo nan nivo kapital la, ni jounalis lokal pa rive patisipe. Li deklare manm BEK Tigwav yo, tap òganize fòmasyon pou ti fanmiy, ti boubout yo ak ti izanmi yo.
Toutfwa, korespondan Radyo Karayib la, Anel Joseph mande manm BEK Tigwav yo, pou pwononse yo prese – prese; pou di klè kon klè wòz pou ki sektè yo tap òganize seri seyans fòmasyon zombi sila yo.
Antouka, se prèske atravè plizyè kwen nan peyi Dayiti ke KEP ap miltipliye yon latriye fòmasyon san nannan; anpil moun estime ke demach la plis sanble ak yon lajan kap lave sou do kominote medyatik la.






