Avoka imigrasyon peyi Blan Meriken fè konnen paspò “CARICOM” nan pa ko danse kole ak sistèm ameriken an.

955

Plizyè avoka imigrasyon peyi Tonton Sam konfime ke, sistèm ameriken an pa ko sètifye nouvo paspò Ayiti-CARICOM nan.

01-09-23

Ayiti, Karayib____(TRiboLAND) Plizyè avoka imigrasyon nan peyi Etazini fè konnen, sistèm ameriken an pa ko sètifye nouvo paspò Ayiti-CARICOM nan.

Rezon an pou yo menm, se paske nimewo ki nan ansyen paspò a gen 2 lèt devan, alòske pou nouvo a, se yon sèl lèt ke li genyen devan’l.

Pou sèten avoka, malgre gen enkonpatibilite ant 2 paspò sa yo, sa pa anpeche enterese yo ajoute dokiman an nan dosye yo lè yap aplike.

Comments are closed.