Yon kay boule ak tout sa moun yo te posede nan komin Senlwidinò.

737

07-29-2023

Senlwidinò Ayiti___(TRiboLAND) Yon kay boule nan zòn site Vitalien, 3èm seksyon Dègranj ak tout sa moun yo te posede sòti vandredi 28 pou leve samdi 29 jiyè 2023 a.

Kay sa gen kòm pwopriyetè Madam Divilla ki pap viv ladan l, men te livre li bay 2 lokatè. Selon madam Olane Pierret, youn nan lokatè yo, li pèdi yon paspò, akdenesans tout manm fanmiy lan, yon sòm senkant mil goud ak tout sa yon moun te ka posede nan yon kay.

Orijin dife sa selon Olane, se yon bout chandèl ki tap limen nan kay la, ki ta sanble sote yon bonbòn gaz ki lakòz enòm defisi sila. Malgre entèvansyon popilasyon an, yo pat gen chans pou sove anyen paske li te deja fè nwa.

Pou maten an fanmiy genyen estate “sans abri”, e divès manm rete 2 bwa balanse ap rete tann syèl la, pou pote sekou ba yo.

Comments are closed.