Franzt Elbé ap eseye fè yon tankou, nan efektye chanjman nan depatman Lwès-2 ak Nòdwès

977

08-23-2023

Pòtopwens, Ayiti____(TRiboLAND) Selon Kòdinasyon Près ak Relasyon Piblik Direksyon Depatmantal Lwès-2, Frantz Elbé, ki Alatèt Direksyon Polis Nasyonal la, pase enspektè Jeneral, Jean Yonel Trécil lòd pou pwosede ak enstalasyon Komisè Pwensipal, Roger Lamartinière kòm Direktè Depatmantal annantandan pou Lwès-2, jodi mèkredi 22 dawou 2023 a.

Se konsa, Lamatinière ranplase Komisè Divizyonè Clevens Cétoute, jwenn transfè pou Direksyon Depatmantal Nòdwès kòm Direktè tou nèf nan yon depatman kote ke Direksyon Depatmantal la te nan bonjan danse kole ak fè gwo magogo lajan ak gang.

Nòdwès, pa manke sibi anpil deriv ak krim tout kalite. Anpil nan Direktè yo tankou, Edner Hyacinthe key o rele “Papa Gang” nan vilPòdpè, antre nan depatman an san senkòb, e lè yo ap transfere yo, se gwo magogo lajan ke yo pote avèk yo; lajan ki fèt nan move kondisyon ak reselè gang. Ekip ofisye Wo Grade sa yo, ta sipoze rapouswiv, jije e egzije reparasyon pou fason ke yo apovwi tout yon popilasyon nan gwo krim finansyè.

Comments are closed.