Popilasyon nan komin Gwomòn enskri yon gwo tonton bandi nan pwogram Bwa Kale a

801

07-29-2023

Gwomòn, Ayiti____(TRiboLAND) Sevre mouvman Bwa Kale a ta sanble lap pèdi pye; sepandan, malgre tou, popilasyon an kontinye ap bay bandi sangwen yo ak tout pwòch yo Bwa Kale.

Nan lanwit vandredi 28 pou rive samdi 29 jiyè 2023, popilasyon nan lokalite Kanifis, 3èm seksyon Rivyè Blanch, komin Gwomòn, leve jwen yon gwo chèf gang notwa, mouri kankannen sou wout nasyonal la, apwè ke li tef inn enskri nan pwogram Bwa Kale a.

Selon enfo yo, kèk sous ta vle fè kwè se yon bandi ki te toujou ap opera nan Kanitis. Pou anpil moun, se te sèl chèf kòk chante ki te toujou ap fè popilasyon an pase nan yon je zegwiy. Konsa, pèp souvren, bay tèt li jistis, selon yon abitan.

Comments are closed.