Anviwon 72 elèv ki sòti nan EDEPP, prete sèman kòm Fondé de pouvoir”, jounen vandredi 28 jiyè 2023 a nan vil Pòdpè.

07-28-2023
Pòdpè, Ayiti____(TRiboLAND) Tribinal Depè Pòdpè a, resevwa byen bonè maten vandredi 28 jiyè 2023 a, prestasyon sèmen anviwon 72 nouvo resipyandè ki sòti nan lekòl Dwa, Ekonomi, Gesyon ak Kontabilite Pòdpè a. Latriye nouvo “Fondé Pouvoir” sila yo, pral plede nan divès tribinal Depè, nan jiridiksyon Nòdwès la.
Nan omeli sikonstans lan, jij titilè a.i tribinal la, Yonel Obssaint ta pral mande grefye Gène Jean Robert ak Roger Jean, pou pwosede ak apèl nominal chak resipyandè sila yo, avan menm yo te demare ak seremoni an, dapwè dekrè 6 jen 1919 la.
Pou jij Yonel Obssaint, nouvo pwatisyen yo dwe konnen yo prete sèman pou yo defann vèv ak òfelen, men sepa pou vin fè lajan nan move kondisyon pou sal imaj lòt praktisyen yo ak sistèm jistis la nan Nòdwès.






