Nòdwès edikasyon: Kontantman nan mitan plis pase yon 30èn patisipan ki arive konfeksyone sandal atrave Foundasyon TRiboLAND nan Bochan.

783

07-28-2023

Bochan, Ayiti_____(TRiboLAND) Yon lòt fwa ankò Fondasyon TRiboLAND mete souri sou vizaj yon latriye sitwayen, aprè 2 jounen fòmasyon gratwit sou konfeksyon sandal nan lokalite Bochan, depatman Nòdwès peyi a.

Yon atelye travay sila yo, te mete an vedèt ekspètism fòmatris Hermithe Lamy, ki abode pwosesis aprantisaj la sou plis aprantisaj koperatif, ki te byen delivwe. Etidyan yo ki te 90% jèn fanm e jèn gason ki pat kache kontantman yo fas ak yon parèy inisyativ, ki montre genyen yon ti pòsyon ayisyen ki panse a yo e menm pote yon sèvis dekalite pou yo san yon senkòb Lesko san echanj vòt elektoral.

TRiboLAND, pa sispann jwen apresiyasyon bòkote say o ki trè vilnerab; sepandan, li jwen egalman yon seri kriminèl, ki kanpe ankwa pou jènn pa benefisye absoliman anyen, ki kapab sèvi yo demen e epanye yo fas ak fenomenn gang ou delenkans jivenil.

Antouka, yon lòt joune byen reyisi pou jènn Bochan ke nou pap sispann bay ochan!

Comments are closed.