OFATMA : Yon nouvèl Direktris enstale nan tèt biwo OFATMA nan Nòdwès

1,884

07-22-2022

Pòdpè, Ayiti _____(TRiboLAND) Dr Marie Carline Léandre Télusnor, se nouvèl Direktris pou Direksyon Depatmantal OFATMA a, nan Nòdwès la.

Enstalasyon sa arive fèt jodi vandredi 22 jiyè 2022 a, a 11è 30 nan maten nan Biwo OFATMA ki trouve’l nan Koplèks Administratif la, ki lije majorite biwo Leta nan depatman an.

Direktris tou nèf la ki ranplase Gélin Frida Brave, promèt nan diskou sikonstans li ke li pral miltipliye anpil bràs yon fason pou devlope yon senèji ak tout pèsonèl biwo a nan kad fasilite sèvis yo ateri.


Comments are closed.