Sitwayen yo move kon kong aprè deklarasyon direktè TPTC branch Nòdwès la.

662

07-19-2023

Senlwidinò, Ayit___(TRiboLAND) Plizyè sitwayen nan popilasyon Nòlwizyèn nan fache kon kong, lè yo fin tande deklarasyon direktè TPTC branch Nòdwès la, Joseph Angelot Horacius te fè nan laprès 13 jiyè pase a, sou konstriksyon twonson wout Pòdepè-Ansafolè a ki ta sanble pap asfalte ankò, pou yon rezon ki pa menm fonde.

Sitwayen yo ki tap fè konprann tout kalite machandiz travèse wout la, lajounen kou lannwit, biznis tout nèg ap byen mache; alòske menm machin asfalt yo pap ka pase, paske pat gen volonte pou wout la te konstri nan depatman Nòdwès depi lontan.

Pou popilasyon an, yo wè trè klè se bare yo te voye Angelot vin bare tout pwojè Nòdwès yo. Yo estime se tout rezon sa yo ki lakoz lanmò prezidan Jovenel, paske lè yo bloke pwojè Nòdwès yo ak bandi pwograme yo sou wout la, se sou lanmè’l te konn fè materyo yo pase. Se nòmal pou Angelot, nèg nan Sid vinn fè gagòt nan depatman an.

Popilasyon an mande depa enjenyè Angelot san kondisyon nan depatman an, sinon, yo pral foule beton an pou kriminèl sila kite depatman Nòdwès la. Twòp gagòt ak gaspiyaj ap fèt nan pwojè ministè Travo piblik yo nan depatman sa a, daprè plizyè militan Senlwidinò ki t’ap egzije prezans ULCC nan depatman an.

Comments are closed.