Òganizasyon Tèt kole Ti Peyizan prezante yon konferans pou laprès jodi dimanch 23 jiyè 2023 a.

938

07-23-2023

Pòsmetye, Ayiti___(TRiboLAND) Nan yon konferans pou laprès li bay jodi dimanch 23 jiyè 2023 a, nan Pòsmetye, responsab òganizasyon TK yo prezante diferan kontèks kite antrene masak 23 jiyè 1988 la.

Mouvman sa, ki te pran nesans sou non “Tèt Ansanm” tap fè yon travay louvrije, yon travay liberasyon. Konsa, se nan travay sa, yo te rankontre ak lafamiy Lucas Pradvien, yon kriminèl Gran Don, vòlè tè e ki te fè kòt mal taye pou egzekite peyizan yo.

Malfektè yo touve rèv peyizan yo demantle yon travay ki pat nan enterè yo, paske se yo ki te sèl kòk chante, sèl chèf rache separe nan komin Jan Rabèl depi sou prezidan Vincent ki te konpè Kandlon Lucas ak papa Joanèl Lucas.

Comments are closed.