Gwo kout filè: lapolis mete men nan pat kasav yon manman fanm yon gwo chèf gang e pwosede ak arestasyon plizyè sòlda sangwen

1,185

09-11-2023

Pòtopwens, Ayiti____(TRiboLAND) Lapolis konfime yon gwo kout file maten jodi lendi 11 septanm 2023 a, arestasyon manman fanm gwo chèf gang Johnson Blanc, alyas Izo ki pa sispann mete dlo nan je popilasyon ayisyèn.

Coq Louidina, manman fanm kriminèl mikwòb la, jwenn arestasyon li nan yon ti minibus mak Hyace koulè blan plak TP-45866 sou wout nasyonal numewo 3 a, dapwè lapolis. Li te genyen avèk li 6 lòt manm sangwen, pami yo Alex Blanc, ki se yon frè kriminèl Izo ak Cassandra Mildor, manman fanm bandi Wilkens Pierre, alyas “Black”.

Enfòmasyon yo fè konnen, ekip kriminèl sangwen an, tap kandale monte nan vil Okap, kote yo te deja fè aranjman pou te ale desann lakay yon ensikoni, Fritznel Josaphat, ki nan danse kole ak gang Kanaan an. Selon lapolis, reselè sila a, ta jwenn arestasyon li tou.

Lapolis konfime ke yo poze lapat sou 583,890 goud, 2 telefòn entelijan nan moman arestasyon an, e yo konfiske egalman ti minibus bandi yo. Li enpòtan pou sinyale ke lapolis te arive konnen va e vyen sangwen sila yo, apati entèsepsyon konvèsasyon telefonik chèf gang sangwen Izo.

Pou kèk kritik, lapolis pat dwe nan tout simagri sila yo ak yon parèy gwoup bandi, sinon flite yo san kite tras, dapwè yon ansyen viktim kidnapping nan Matisan.

Comments are closed.