Reprezantan òganizasyon Fòs nou e Alye nan komin Pòdepè a, Paul Elie Faustin reyaji pou blòf yap pran nan men responsab enstitisyon piblik yo nan depatman Nòdwès la.

1,033

07-23-2023

Pòdepè, Ayiti___(TRiboLAND) Dirijan òganizasyon Fòs nou e Alye nan komin Pòdepè a, Paul Elie Faustin, bò kote pa li fè konnen se blòf ak kòripsyon kap fè lalwa nan enstitisyon piblik yo nan Nòdwès peyi a.

“Nèg yo ap blofe nou kòm gang, yo panse pèp la se enbesil”, dapwè militant politik la’ ki fè konnen nan jou kap vini la yo, nan non Fòs nou e Alye Tèt Kole, yo pral met tèt ansanm pou rele chalbari dèyè tout estrikti ki la yo, paske administrasyon piblik yo tounen yon veritab bisniz, sitou nèg prezidan Jovenel te kite yo, yo pa bay oken rezilta ki efikas nan tèt depatman an.

Yon lòt kote, Paul Elie Faustin mande direktè TPTC a, Joseph Angelot Horacius ak direktè agrikilti a, agwonòm Louis Charite ak delege depatmantal la, Dordoille pou nou site sa yo sèlman, ranje kò yo pou yo pran desizyon pou debloke tout pwojè Nòdwès yo, sinon operasyon Bwa Kale a pral pran yon lòt dimansyon nan depatman Nòdwès la.

Li pwofite okazyon an tou, pou mande tout òganizasyon konsekan kòmanse file manchèt yo pou mete vagabon deyò nan tèt enstitisyon piblik yo.

Comments are closed.