Depi anviwon 2 lane, lib sikilasyon nan sant vil Jeremi pou anpil moun se yon veritab kalvè.

1,015

07- 23- 2023

Jeremi, Ayiti – (TRiboLAND) Depi anviwon 2 lane, pou majorite abitan yo kap viv nan vil Jeremi, peryòd lapli kou séchrès, sikile nan vil Jeremi, se yon ekzèsis ki reyèlman difisil.

Temwayaj anpil nan sitwayen ak sitwayènn sila yo, nan mikro TRiboLAND deklare ke anviwoman an vinn degrade nan yon eta parèy, se apati prezans ekip dinozò politik, fizyon, inite Rosemond Pradel, ki ta makonen sousis li ak ansyen senatè Sorel Yassainthe, pou ta fè chimen kochi ak lajan projèTPTC yo, sitou pwogram asenisman yo.

Se ka 16 milyon goud mwa desanm 2022 pase a, plis 27 milyon goud tou resamman la fè toubouyon anba grif mesye dam, san ke yo pa bay debouche yon tou rego.

Kòm ekzanp gran ri a, ki se alafwa sant komèsyal Jeremi nan zonn lan ki genyen sikisal tankou: bnc, sogebank, biwo DGI, ONA, Lameri, e APN ki tounen yon veritab letan. Ajoute ak sa, moun kap mache a pye pa menm kapab sikile nan zòn sila.

Manm popilasyon an komin Jeremi, mande dirijan yo, fè efò pou jwen tikal konsyans nan eta yap benyen nan kòripsyon e fason yap maltrete peyia ak tout moun ki ladan’l nan piye lajan pwojè.

Comments are closed.