FBH konstate manda prezidan Jovenel Moise dwe kaba 7 fevriye 2021

183

02/01/21

Pòtoprens_____(TRiboLAND) Pandan ke prezidan ti miyèt sena a ap fè bwàz pou mete sou pye yon dyalòg nasyonal, Fédération des Barreaux d’Haiti (FBH) fè sòti jodi dimanch 31 janvye 2021 an, yon rezolusyon kote ke yo estime dispozitif konstitisyonèl yo ki gen pou wè avèk dure manda Jovenel Moise dwe entèprete nan menm sans ke li te entèprete pou palman, 13 janvye 2020 pase a.

Aprè anpil analiz sou yon seri atik nan konstitisyon an, FBH konstate finalman manda Prezidan Jovenel Moise dwe fini 7 fevriye 2021, swa apeprè senk lane aprè dàt eleksyon yo.

FBH kanpe dèyè atik 134-2 nan konstitisyon ki mete anfaz sou eleksyon prezidansyèl la kit e fèt dènye dimanch oktòb nan senkyèm ane manda prezidansyèl la.

Prezidan elu a antre nan fonksyon 7 fevriye aprè dàt eleksyon’l lan. Answit, si tout fwa vot yo pat kapab fèt 7 fevriye, prezidan ki chwazi a antre rapidman nan fonksyon li aprè validasyon vot la e manda a sanse kòmanse 7 fevriye ane eleksyon an.

Comments are closed.