Solidarite ak Devlopman: Asosyasyon Fanm Denis nan sèvis kominote yo

725

Depi 2018, Asosyasyon Fanm Denis (AFD) ap evolye nan domèn mityèl solidarite a. Objektif li? Pote sipò finansye ak sosyal pou moun nan komin Anse-a-Foleur, lòt kote anndan peyi a tou, an ofri yo kredi ak tò preferansyèl pou evite “Kout ponya” moun malvejans ak ede yo kreye ti biznis ak aktivite komèsyal pou satisfè bès fanmi yo.

AFD te reyisi fede 67 mityèl alantou li, kote li regwoupe moun komin diferan. Leta konsyan de enpòtans valòrize efò li yo ak eksplore nouvo perspektiv, AFD te òganize avèk siksè, jedi 20 jiyè 2023, dezyèm edisyon gwo evènman li yo, reyini plizyè santèn manm ak envite yo sou Plaj Charles Elizé nan lokalite Meye.

Tèm edisyon sa a te “An nou oganize nou, pou n met e plis mityèl solidarite kanpe,” kote li devlope konsèp òganize kominote yo pou renfòse solidarite mityèl la.

Pandan jou sa a ki te entèresan, plizyè òganizasyon ak enstitisyon, tankou Kolektif Finansman Popilè (COFIP), te reponn apèl la. COFIP, ki travay ansanm ak mityèl nan tout peyi a, te reprezante pa Nonmus Ervilus, ki te plede an fave yon kad legal pou mityèl yo nan peyi a, souligne wòl kritik yo nan devlopman ekonomik ak sosyal nan kominote yo.

Yon diskou enteresan te fèt pa sosiolog Gregory Songer Cleveaux, ki kounye a manadjè nan pwojè GRAPDAID (Gwoup Sipò pou Devlopman Agroekolojik Inovatè Dourab). Li mete an vale enpòtans mityèl solidarite yo nan devlopman sosyal ak ekonomik nan kominote yo, souligne kapasite yo pou favorize solisyon ki dirab ak inovatè.

Nan kou a nan jou sa a, responsab AFD yo prezante bilan sosyal ak ekonomik 67 mityèl nan komin Anse-a-Foleur la, mete an valè siksè yo ak defi yo yo te fè fas, men tou enpak pozitif yo te genyen sou lavi manm yo ak fanmi yo.

Pou rann evènman an ankò pi memorable, fanm yo te ekspoze pwodwi transfòme ki fèt ak Lam veritab tankou : Farin yo fè ak Lam, Kremas ki fèt ak Lam. Kremas ki fèt kakao epi ak grenadya grenadia, Mamba, konfiti ak farin manioc, ak anpil lòt manje, montre talan ak kreyativite yo.

Kowòdonatris AFD la, Azor Norvla, te bay anvanseman seremoni a apre yon gwo mach soti nan plas Anse-a-Foleur jiska Meye. Enerji ak pasyon li yo te galvanize patisipan yo, kreye yon atitid chaleure ak solidarite tout au long de evènman an.

Pou fini, Asosyasyon Fanm Denis jwe yon wòl fondamantal nan emansipasyon ekonomik ak sosyal nan kominote yo nan Anse-a-Foleur. Pase mityèl solidarite li yo, li ofri moun aksè a kredi ki avantajè tout en favorize sipò ak kreyativite antreprenè yo. Siksè dezyèm edisyon evènman gwo yo montre angajman ak detèminasyon AFD nan sipò devlopman lokal la.

Devilas Wilgens

Comments are closed.