Popilasyon Karis la ta sanble li sou wout pou jwenn kèk ti konngout limyè.

984

07-22-2023

Karis, Ayiti ____(TRiboLAND) Yon delegasyon ki gen nan tèt li direktè BMPAD la, Ignace St-Fleur, Delege depatmantal Nòdès la, Moïse Charles Pierre ak plizyè lòt antite vizite santral elektrik Karis la pandan sware vandredi 21 jiyè 2023 a.

DG BMPAD la, fè konnen, yon parèy vizit lanjelis diswà, genyen pou objektif pèmèt travay yo kontinye e amelyore menm avan fèt 18 dawou 2023 a, yon fason pou komin Karis limen. Majistra komin nan, ki se Amid Gabriel, bò kote pa li, deklare ke se tap vrèman yon fyète pou l ta wè avan 18 dawou pou Karis ta klere, annatandan rès pwosesis yo fèt pou pèmèt popilasyon an jwenn kouran andan lakay yo.

Pou sèten lèzòt eske se pa paske DG BMPAD ta sispèk pral gen eleksyon ki kòz lap mache fè chantaj nan divès kwen nan depatman Nòdès la.

Sa gen yon lane depi asasinay ansyen prezidan Jovenel Moïse la, menm pawòl koze kredi sila yo, te toujou ap klewonnen nan zòrèy popilasyon an ke politichyen yo konnen sèl lè genyen eleksyon.

Comments are closed.