Kotdivwà: Ansyen pwezidan ivwaryen, Henri Konan Bédié mouri Abidjan

949

08-02-2023

Abidjan, Kotdivwà______(TRiboLAND) Move nouvèl pou responsab ak patizan PDCI nan peyi Kotdivwà apwè anons lanmò ansyen pwezidan ivwaryen an, Henri Konan Bédié.

Yo te ambake Henri Konan Bédié nan yon elikoptè pou sòti nan vilaj natal li, jous pou antre nan Daoukro pou yon evakyasyon sanitè. Konsa, apwè yon malmakak, ansyen pwezidan an mouri osito ke li te rive Pisam, Abidjan.

Bédié mouri jounen pwemye dawou 2023 a, nan poliklinik entènasyonal Sent Mari (Pisam) Abidjan-Kokodi. Li te pwezidan Parti Démocratique de Côte d’Ivoire (Pdci-Rda). Li te genyen 89 rekòt.

Comments are closed.