Plizyè dizèn sitwayen nan rejyon Nòdwès la, genyen gwo bouch louvwi kont rezo telefonik Natcom lan.

878

Sitwayen yo nan rejyon Nòdwès la, pa mete dlo nan bouch yo pou salanbe rezo telefonik Natcom lan, yo di ki ogmante majorite plan entènèt yo san avètisman.

07-21-2023

Pòdpè, Ayiti____(TRiboLAND) Sitwayen yo nan rejyon Nòdwès la pa sispann plenyen, akòz rezo ki pote non Natcom lan, monte majorite plan entènèt yo, epi pran kòb yo avan delè ekspirasyon plan yo.

Plan entènèt ki te 50 G pou yon jounen, pase 60 G, plan entènèt ki te 125 G pou 7 jou, pase 300-400 G, plan entènèt ki te 200 G pou 30 jou, pase 2000 G,1200, san respekte delè ekspirasyon.

Pou Kenson Louis, seri plan sa yo, se yon seri plan kriminèl ki gen tèt koupe ak yon latriye zak eskanmòtè, eskrokri, paske non sèlman kriminèl yo monte pri plan entènèt yo men tou,vòlò kat yo anvan delè ekspirasyon yo.

Poze kesyon pou konnen, èske se Leta ayisyen ki mete tèt ak malfwa Natcom yo pou koupe kou pèp rejyon Nòdwès la? Lè n konsidere Leta ayisyen ak Natcom se pwason kraze nan bouyon.

N.B: Natcom se yon antrepriz semi-piblik kap kase ponyèt popilasyon ayisyèn finansyèman.

Comments are closed.