Plizyè santèn manm òganizasyon Tèt Kole Ti Peyizan Ayisyen manifeste nan vil Pòdepè pou mande jistis pou 139 viktim masak Jan Rabel 1987 la.

798

07-21-2023

Pòdepè, Ayiti___(TRiboLAND) Jan sa te anonse plizyè santèn manm ak senpatizan òganizasyon Tèt Kole Ti Peyizan Ayisyen manifeste nan vil Pòdepè jodi vandredi 21 jiyè 2023 a. konsa, nan lide pou reklame jistis pou 139 ti peyizan ke Grandon Jan-Rabèl ak enperyalis kriminèl yo te asasinen 23 jiyè 1987.

Yon aktivite ki te kòmanse sou pon Twarivyè a, pou rive devan pakè Pòdpè a. Rive devan biwo ministè agrikilti Nòdwès la, e, kòdonatè depatmantal TK a, te prezante an detay pwoblematik peyizan yo nan depatman Nòdwès peyi a.

Direktè depatmantal agrikilti a, agronòm Louis Charite, mande peyizan yo pou prezante yon dokiman ki gen tout doleyans yo, yon fason pou yo ka travay sou yo. Yon lòt kote, li fè konnen blan an pap debouse yon anvlòp 3 milyon dola US pou drene dlo Twarivyè pou bay Nòdwès manje, paske se yo kap antre manje enpòte anndan peyi a yon fason pou kraze pwodiksyon agrikòl peyi a.

Nan sans sa yo kòmanse ak kèk lak kolinè pandan yap estoke dlo kap bay pwoblèm yo nan komin yo pou itil pèp la.

Comments are closed.