Pou fè disparèt pwoblèm lavi a, depi kòmansman mwa janvye 2026 lan, jenn yo nan Jeremi envesti yo nan aktivite kiltirèl pre-kanavalèsk.

02 – 01 – 2026
Jeremi, Ayiti______(TRiboLAND) Nan Jeremi depi dezyèm semèn mwa janvye 2026 lan, ki se peryòd pre- kanavalèsk yo, jenès lan, menm jan ak diferan lòt kouch nan sosyete jeremyènn lan, chak dimanch toujou o randevou atravè ri yo, nan objektif pou defoule yo sou fòm distraksyon mizikal, kote jènn fanm kou jènn gason degize jis pou fè lòt moun griyendan nan chase stress fas ak sousi pwoblèm lavi a.
Defile madigra payi, madigra nwè, bann mizikal yo sou gro dispozitif sekirite depi nan vè senkè aprè midi pou rive jiska sizè nan maten, se plezi yayad san limit. Temwanyaj kèk nan meloman yo, kanavalyè, kanavalye yo aprann nou ke peyia pa ofri nad marinad. Jènn yo pap travay ni nan piblik kou prive; pouvwa pou yo achete pa ekziste, lwazi se yon lisk yo pa genyen lòt chwa pwofite de peryòd banbòch popilè pou fè pase pwoblèm sou fòm lavi pwovoke sou wout yo, e menm nan fanmi yo.






