Evèk dyosèz Jeremi an, Joseph Gontran Decos mande otorite gouvenmantal yo pou garanti sekirite popilasyon an.

980

04-17-2023

Jeremi, Ayiti___(TRiboLAND) Fas a vag zak ensekirite yo kap ogmante nan pwèske tout komin depatman Grandans lan, Evèk dyosèz Jeremi an, Monseyè Joseph Gontran Decòs mande otorite gouvenmantal konsène yo pou yo garanti sekirite lavi ak byen sitwayèn e sitwayen yo nan vil kou nan zòn rekile yo nan depatman Grandans lan.

Chèf legliz Katolik la, nan dyosèz Jeremi an, te pwofite mikro TRiboLAND pou poze pwoblèm mizè ,chomaj, lavi chè ki okipe yon gro plas nan ekzistans ensekirite jeneralize a.

Evèk la rabat pou li mande kretyen legliz Katolik yo, ak tout sektè relijye yo pou aji ak lafwa nan Bondye, poze bonjan aksyon konkrè pou libere Ayiti anpati depatman Grandans de tout zak malonèt kap fèt sou pèp Bondye a.

Comments are closed.