Sou tèm lejislasyon , kontestasyon ak pèspektiv pou yon lòt Ayiti (CPADH), òganize konferans deba nan Jeremi.

372
0
Share:
TRiboLAND

Jeremi, Ayiti______(TRiboLAND) Nan objektif pou ede sosyete a konpwan kòd pénal ayisyen an, Sant Pwomosyon ak Apwantisaj Dwa Moun, bwanch Grandans, òganize konferans deba pou divès sèktè nan sosyete sivil lan nan vil Jeremi.

Aktivite sila yo ki te dewoule apwè midi 21 jen 2025 lan, nan lokal lekòl Katolik Dwa nan vil Jeremi, te reyini diferan jènn inivèsitè atravè depatman Grandans lan. Se konsa, ansyen batonye lòd avoka yo nan Okay, mèt Edvald Siprice, mèt Pierre Eudras Delva, Prezidant CPADH lan, mèt Nedeline Dinvil te twa pami moun ki tap mennen deba a.

Pou anpil nan patisipan yo, Ayiti pa genyen pwoblèm lwa, depreferans se yon pwoblèm aplikasyon lwa yo bòkote otorite yo ki pa respekte tou senpleman. Konsa, yon mete anpil anfaz sou Leta koupyon ayisyen ki pa sispann vyole dwa sitwayen ayisyen yo sou kèlkeswa fòm li ye a.

Share:

Leave a reply