Pot pawòl RAMSA, Emerson Charly Azor mande gouvenman an libere wout nasyonal numero 2 a, kòm kado Nwèl pou fen ane 2024 la.

12 – 13 – 2024
Jeremi, Ayiti_____ (TRiboLAND) Nan objektif pou fasilite madan Sara yo repran jarèt ak sikile lib elibè, pòt pawòl Rasanbleman Madan Sara yo nan Grandans peyi a, Azor Emerson Charly, soupwiye nan pye gouvenman an plas la, pou debloke wout nasyonal nimero 2 an. Konsa, li rete kwè se va pi gro soulajman pou peyizan agrikiltè yo ak madan Sara kapab kanalize pwodwi yo nan kapital la san kè sote.
Daprè pot pawòl RAMSA a, lib sikilasyon preske pa egziste nan peyi a, sitou pou soti nan depatman Grandans pou rive nan repiblik Potopwens. Tout sa kreye gro malmakak pou komès ak transpòtasyon ki se yon potorik problèm kap baleye ekonomi an.
Finalman Azor rapouswiv pou’l deklare ke RAMSA, nan okazyon fèt Nwèl la, konte òganize yon mach sou plas piblik Jeremi an, kote ke peyizan yo kap pwodwi manje yo ap kapab vinn vann tout kalite pwodwi, yon fason pou sove katafal pwodwi kap gate e menm arive rasanble yon ti tchotcho nan fen lane 2024 la.






