Ministè Zafè Sosyal ak Travay, nan tèt kole ak OFATMA lanse yon pwogram asirans ki pral soulaje chofè moto yo.

Se sou non, “Asirans Moto Pam”, minis Zafè Sosyal ak Travay la, nan tèt kole ak direktè jeneral OFATMA a lanse, pwogram “Asirans Moto Pam” nan, nan dat mèkredi 19 jiyè 2023 a.
07-20-2023
Pòtoprens, Ayiti____(TRiboLAND) Minis Zafè Sosyalak Travay la, Odney Pierre Ricot, nan tèt kole ak direktè jeneral OFATMA a, Dr Carl François, lanse ofisyèlman nan dat mèkredi 19 jiyè 2023 a, pwogram “Asirans Moto Pam”.
Pwogram sa a pral pèmèt chofè moto yo resevwa swen, si tout fwa yo ta rive fè aksidan oubyen yo ta malad. Chak chofè moto k’ap gen pou patisipe pral peye yon frè 2.500 G chak mwa kap ba yo aksè la pou la, ak yon kat asirans.

Plizyè chofè moto ki tap pran pa, nan rankont lan bat bwavo lakontantman pou yon si bèl inityativ, 2 gran toryan kap koupe rache nan gouvènman Ariel Henry a pran.
Minis Ricot nan kad entèvansyon li an, bay tout garanti nan yon titan tou kout, pwogram sila a, pral rive layite kò’l atravè 10 depatman jewografik peyi Dayiti, toujou nan tèt kole ak biwo rejyonal OFATMA yo.
Anpil moun swete, ke se pa “Fo Mouvman” kap fèt; yo rete kwè ke se yon filyè lajan kap eseye devlope yon fason pou pote yon kou pi devan. Si gouvènman vwayou e kòwonpi PHTK a, pa kapab jere fatra, dlo, gaz, lopital, sekirite, kòripsyon e latriye anndan peyia; kòman l’ap kapab jere yon plan asirans pou chofè moto yo.






