Bandi sangwen ak gwo zam nan men yo pran kontwòl prizon sivil fanm yo nan Kabarè.

897

01 – 31 – 24

Kabarè, Ayiti____(TRiboLAND) Gang ak zèl sapat yo nan peyi Dayiti pa sispann poze lapat sou divès enstitisyon ak biwo Leta nan dènye moman sa yo.

Bandi ak zèl sapat ke anpil moun idantite kòm gang kap opere nan lokalite Kanaran sou kontwòl chèf gang Jeff ensikoni, akapare prizon sivil fanm yo nan Kabarè jounen madi 30 janvye 2024 la.

Yon evènman ki bay gwo kè kase ak endinyasyon, malgre nou pako genyen bilan dega yo, parapò ak plizyè gwo enterè ekonomik ki ta sanble sou wout pou sabote anba men bandi yo nan komin nan.

Nap raple ou, se pa premyè fwa bandi ak zèl sapat sa yo ap fè tantativ pou pran kontwòl prizon sivil sila, sèt fwasi yo resi pran kontwòl li, lib e libè.

Comments are closed.