Militan politik fanmi Lavalas, Joël Jean Baptiste mande mobilizasyon jeneral kont ekip PHTK ki sou pouvwa a.

602

07-19- 2023

Jeremi, Ayiti____ (TRiboLAND) Pwofesè Joël Jean Baptiste, militan politik fanmi Lavalas, ansyen direktè depatmantal ministè afè sosyal ak travay, mande yon leve kanpe jeneral pou retire ekip PHTK a nan figi moun.

Pwofesè Jean Baptiste fè deklarasyon sila, nan moman li tap entèvni nan mikwo TRiboLAND parapò parapò ak moman difisil majorite manm popilasyon an ap viv, sitou pandan 2 zan sa yo kote premye minis Ariel Henry trennen peyi a nan plis labou santi.

Pwofesè, Joël Jean Baptiste ale pi lwen pou fè konpwann, se sytwayen yo ki pou pwan destin yo an men, nan mobilizasyon pasifik, sans vyolans pou sòti tèt yo nan maras politik ekonomik, ensekirite jeneralize ke kominote entènasyonal lan ak mesye, dam politisyen demolisè yo lage Larepiblik.

Comments are closed.