Popilasyon an nan komin Pestel enskri 2 endividi san idantifikasyon nan pwogram BK a

346
0
Share:
TRiboLAND

Pestel, Ayiti_____(TRiboLAND) Swit ak atak ame bandi Izo senk segonn yo te fè sou yon vwalye ki te tap sòti Zile Kayimit ak machandiz, pou al vann nan Pòtopwens, atak ki te lakoz yon latriye peyizan pèdi lavi anba bal bandi, popilasyon an nan komin Pestel enskri 2 endividi san idantifikasyon nan pwogram BK a.

Antouka, an revanj kont sangwen teworis Izo yo, popilasyon an yè mèkredi 9 jiyè 2025 lan, pwan sou lanmè dlo sale, 2 endividi abò yon chaloup ki pou yon sitwayen ke rele Ernso. 2 jènn gason sila yo, ki pat genyen oken pyès idantifikasyon sou yo sinon ke gro lajan ameriken ak ayisyen nan men yo, yon bagay ki ta pral leve plim sou do popilasyon an.

Endividi sispèk sila yo ke ajan BSAP ak polisye te metrize, te oblije rekondwi nan komisarya Pestel lan, men sa pat anpeche manm popilasyon an ki te anķòlè, rantre pwan 2 prezime anafè sa yo e preskri yo “Bwa Kale”. Yo reproche viktim yo kòm moun ki te sèvis antènn pou Senk Segonn te atak vwalye a e touye yon latriye sitwayen ki tap sòti Zile Kayimit lan.
.
Genyen òganizasyon nan sosyete sivil lan nan komin Pestel ak Zile Kayimit, ki pa dakò faso otorite yo ap jere peyia; konsa, yo egzije ke mesye dam yo kap jwi tout privilèj nan manman vant pouvwa, dwe aji antanke fanm ak gason nan leta a ki genyen yon devwa anvè listwa.

Share:

Leave a reply