Plizyè paran nan Lise Tertullien Guilbaud nan Pòdpè, fache kont desizyon direksyon lekòl la, ki chwazi ogmante pri ane eskolè yo a 550 dola.

1,242

Pou minis edikasyon nasyonal ak fòmasyon pwofesyonèl la, elèv lekòl lise yo pa dwe peye plis ke mil goud pou yon ane lekòl, alòske direksyon lekòl Lise Tertullien Guilbaud a nan Pòdpè fè chak elèv peye 550 dola.

09-01-2023

Pòdpè, Ayiti___(TRiboLAND) Plizyè dizèn paran nan site Kapwa Lamò a, fache kont tandans kòripsyon ki ap devlope nan mitan responsab yo nan Lise Tertullien Guilbaud a, ki genyen nan tèt li pwofesè Jean Ernest, lè yo deside resevwa 550 dola nan men paran yo pou yon elèv lekòl alòske pri lise yo fikse 1000 G.

Paran sa yo kite deja enfòme, sou deklarasyon minis edikasyon nasyonal la ak fòmasyon pwofesyonèl peyi Dayiti a, lèl te deklare ke, “tout lekòl lise yo dwe resevwa 1000 G nan men elèv yo, depi yon direksyon resevwa plis fèl konnen”. Konsa, paran yo ki deside fè “tole”, ap yaya kò yo pou pote plent kont desizyon gwo ponyèt direktè lekòl lise a, pandan yo ap mande ULCC ba yo yon kout men.

Pou minis edikasyon nasyonal ak fòmasyon pwofesyonèl la, pa gen rezon pou direksyon Lise yo monte kòb la sou paran yo, paske nan kòb y ap ranmase yo, 40 % ap rete pou fè travay nan lise yo lòt 40% an pral jwenn Leta ayisyen.

N ap raple ou, lise Tertullien Guilbaud nan Pòdpè genyen anviwon 4000-5000 elèv, kap fonksyone maten kòm aprèmidi. Jean Ernest kap fonksyone kòm sèl kòk chante nan lise a, lanse yon apèl bay tout elèv, kit ou pase ou pa, si’w pa peye 550 dola nan sèmen sa a, y ap tchoule do yo mete deyò.

Antouka, nouvo direktè Jean Ernest, ta sanble demare pou fini avèk karyè li, lè li deside ap chèche kontinye apovwi paran yo, e menm kanpe ankwa sou dispozitif minis Edikasyon Nasyonal la.

Comments are closed.