Opozisyon Ayisyènn nan voye jete byen lwen chanson dyalòg Etazini an

364

Pòtopwens___(TRiboLAND) Osito David Hale, Sekretè Deta Etazini pou Afè Politik yo finn vizite peyi Dayiti, Anbasad Ameriken an an Ayiti pat pwan tan pou reyitere ankò  yon lòt fwa levanjil dyalòg la nan mitan aktè politik yo sanpèdi tan; konsa, sa ap fasilite yon gouvènman lejitim tout nèf.

Sepandan, koute priyè pwan kantik, Andre Michel ki se pòtpawòl pou Altènatif Konsansyèl la, e ki se youn nan figi ki pi fawouch e ki pi ostil a pouvwa Jovenel Moïse la, ensiste sou rezo sosyal yo ke yo pap danse kole ni koabite ak yon prezidan ke li dekri kòm kòriptè.

“Anbasad Ameriken an dwe respekte pèp ayisyen an, e nou pa rete avèk moun” dapwè sa avoka a deklare sou yon radyo nan kapital la, Pòtopwens. André Michel rapouswiv e li repete ke solisyon kriz aktyèl la se nan demisyon prezidan an li chita.

Nap raple ke Hale te rive an Ayiti Vandredi dènye, e li sou dezyèm vizit li nan mwens pase yon lane, e li te rankontre ak Moïse e reprezantan sèktè ekonomik la.

Konsa, selon deklarasyon gouvènman an, reyinyon sa te re-afime angajman li antame dyalòg ak tout sektè yo pou ke lapè ka retounen nan peyi a. Gouvènman kontinye pou di ke inisyativ yo pa sispann miltipliye pou rezoud kriz la.

Comments are closed.