Minis Ricas Pierre ap planifye tout bagay, sof sak bon nan peyi Dayiti

881

07-17-2023

Tyòt, Ayiti ____(TRiboLAND) Nan mikro Laprès, Evely Joinis, ki se lidè nan komin Tyòt, deklare jounen lendi 17 jiyè 2023 a, “Minis Ricard Pierre ap planifye oken lòt bagay anndan peyia, sinon ke: ensekirite, mizè, chomaj, degradasyon anviwonman pou pèp ayisyen an”. Evely kontinye pou di, ansyen senatè a pa itil komin Tyòt absoliman anyen. Li estime ke, nèg sa yo ki espesyalize nan kraze peyi, rann sitiyasyon yo vin pi malouk chak jou ki jou.

Daprè sa lidè a, minis lan ap planifye lavi chè e grangou; pri pwodwi yo ap pase monte, pandan otorite yo rete ap gade san yo pa fè anyen. Se yon wont pou otorite yo nan peyia, ki espesyalize nan planifye echèk sèlman.

Nan kèk jou, Premye Minis defakto a, pral gen 2 lane nan tèt peyia pou yon bilan pa lòt ke negatif. Nèg yo kontante yo sèlman nan separe gato, pandan pèp la ap plonje chak jou ki jou nan grangou ak ensekirite.

Si pèp la pa pran reponsablite yo, gouvènman defakto a, ap toujou kenbe peyia an notaj ak nan konfyole ak kominote entènasyonal la ki pa vle wè Ayiti.

Comments are closed.