Direksyon depatmantal Sante piblik branch Nòdwès la, anonse yo mete fen ak kanpay vaksinasyon sou maladi kolera a.

778

Maladi kolera toujou la, se bare pou n bare’l!

07-18-2023

Pòdpè, Ayiti____(TRiboLAND) Nan lide pou pwoteje popilasyon Nòdwès la kont maladi kolera a, ke tout moun konsidere kòm yon maladi andemik, direksyon depatmantal Sante piblik ak popilasyon an, ta pral tanmen yon kanpay vaksinasyon ki gen pou objektif, pwoteje anviwònman kont maladi kolera a.

Pou sansibilize ak vaksinen abitan yo kap viv nan komin Pòdpè, ak lòt zòn anviwonant yo, direksyon an fè konnen, yo ta pral mete sou teren an yon latriye ajan sante ki ta pral mache pòt-a-pòt ak nan enstitisyon yo, pou sansibilize ak pou vaksinen moun yo kont maladi kolera a, ki toujou la.

Nan sans sa a, direksyon depatmantal Sante a, anonse yo deja mete fen ak pwogram vaksinasyon sila ki ta pral dire anviwon 2 semèn.

Comments are closed.