Òganizasyon ITDP plenyen pou fason fèt Imakile la pase ane sa nan Pòdpè e kritike fason Premye Minis defakto Ariel Henry ap voye jilbwèt

1,159

12-08-2022

Pòdpè, Ayiti _____(TriboLAND) 8 desanm toujou make tradisyonèlman fèt patwonal komin Pòdpè a, Imakile Konsepsyon. Kòm dabitid, toujou gen aktivite relijyez ak aktivite sosyokiltirèl avan ak pandan fèt la. Ane sa, 8 desanm pa yon gran dyoz an rezon de pasivite ak inikzistans otorite lokal yo, pasivite moun ki nan Sosyete sivil la ak kriz sosyo ekonomik yo. 

Òganizasyon kominotè tankou Baz Inyon Tèt Ansanm pou devlope Pòdpè (ITDP) kritike jiska denyè rigè Mèri Pòdpè ak MTPTC, pase pran gouvènman defakto Ariel Henry a ki pa poze oken aksyon nan chèf lye depatman Nòdwès la. Daprè plizyè dizèn manm òganizasyon sila, Mèri Pòdpè tounen yon biznis prive, sa fè plis pase 4 mwa oken majistra pa met pye nan biwo, prèske tout ri nan Pòdpè se mache ak fatra ak labou. Komin lan ap vin pi mal chak jou ki jou, otorite lokal yo pa egziste.

Yo pwofite takle tout moun Pòdpè kap soutni gouvènman defakto Ariel Henry a, pou enterè pèsonèl yo, pandan depatman pa benefisye absoluman anyen. Yon ekip nèg kite asid anvè ansyen Prezidan an, fè silans akoz zèb ki ta sanble nan bouch yo. 

Manm òganizasyon ITDP, mande pou gouvènman defakto Ariel Henry a, libere peyi a paske peyia swa nan chèche bon jan konnsensis ak tout fòs viv peyia pou chèche yon fason pou soti nan kriz plizyè tèt la, oubyen lage pye’l. Akò 11 septann lan echwe, pèp la vin pi vilnerab chak jou ki jou.

Gouvènman met pye sou kou pèp la, tankou bandi yo ap fè; tout enstitisyon yo ajenou, lavi chè, ensekirite, grangou se sa kap taye banda. PM Ariel Henry pa ka kenbe pouvwa jan li vle a, paske pa gen oken kote pèp souveren an tal vote-l. PM lan dwe kreye kondisyon pou eleksyon fèt nan peyia pi vit ke posib pou enstitisyon yo ka remanbre.

Comments are closed.