Premye jounen ekzamen ofisyèl 9èm ane fondamantal la, pase san oken ensidan majè.

895

07-17-2023

Jeremi, Ayiti (TRiboLAND) Premye jounen ekzamen ofisyèl 9èm ane, pou ane akademik 2022- 2023 a, pase trè byen. Selon temwayaj kèk kandida ki temwaye nan mikro TRiboLAND, yo fè konen 2 premye matyè yo, ki se fransè ak syans sosyàl, te alapòte yo.

Selon direktè depatmantal ministè edikasyon nasyonal lan, profesè Jean Marcel Jeanty, genyen 6568 kandida, pou 14 komin depatman Grandans lan kap sibi epwèv atravè 29 sant ekzamen.

Kèk pami elèv kap patisipe nan epwèv yo pou ane sila, montre satisfaksyon yo; yo swete rès ekzamen yo pa trò difisil.

Fòk nou fè remake premye jounen an, pa genyen okenn ensidan regretab ak iregilarite.

Comments are closed.