Kap Ayisyen: Yon endividi deboulonnen e menm arive kraze estatu Anperè Jan Jak Desalinn

283

11\05\2020

Kap Ayisyen____(TRiboLAND) Estatu Papa peyi Dayiti a, Jan Jak Desalinn subi yon vandalism san parèy ki pase anba pye atake identite ak valè kiltirèl sitwayen ayisyen an lòske moun yo pa arive idantifye deboulonnen yon parèy senbòl ki se memwa sa tout anyisyen reprezante kòm vanyan.

Konsa, yon group mount e arive mete men sou endividi sa e remèt li bay lapolis. Li te konplètman difisil pou idantifye  ki sa kit e dèyè yon zak parèy, daprè otorite tankou jij depè, majistra vil Okap la, Madam Yvrose Pierre ki te adrese vit e prese prosèvèbal zak la.

Se konsa, yon parèy aksyon revòlte konsyan konpatriyotik yon pakèt sitwayen onivo lokal ak nasyonal. Pou vale yon parèy estate genyen, dega yo pa piti; sepandan, responsab Enstitu Sovgàd Patrimwàn Nasyonal (ISPNA) te gentan fè entèvansyon pou rekipere miyèt moso eskilti Anperè a ki te plase a kèlke pye Katedral Kap Ayisyen an.

Konsa, Jan Jak Desalinn, ki se Papa nasyon an pran yon lòt desepsyon ak asasinaj ankò anba men yon petit peyi Dayiti ki pèdi tout lusidite patriyotik li ak valè li kòm ayisyen.

Comments are closed.