Fondasyon TRiboLAND nan komin Karis, klotire 2 jounen fòmasyon sou enstalasyon pano solèy ak batri gratis ti cheri.

752

02 -11 – 24

Karis, Ayiti__(TRiboLAND) Jan sa te anonse pou jèn yo nan depatman Nòdès peyi Dayiti, Fondasyon TRiboLAND rive ateri nan komin Karis, kote yo reyalize sòti ayè 10 fevriye pou rive jounen dimanch 11 fevriye 2024 la, 2 jounen fòmasyon gratis ti cheri sou enstalasyon pano solèy ak batri, nan lokal sal pawasyal Sentelèn lan.

Pou te demare ak klotire 2 jounen fòmasyon sila yo, anviwon 43 patisipan te sòti nan divès kwen nan komin nan te reponn prezan pou te vin aprann teknik metye manyèl sila, ki se enstale pano solèy ak batri san yo pa peye yon goud Lesko, gras ak Fondasyon an.

Fòmasyon sa a te dewoule anba lobedyans yon komite kominal ki genyen nan tèt li Ing Louendy Jean kòm kòdonatè, nan tèt kole ak yon ekip jèn volontè ki fasilite aterisaj metye manyèl la nan kominote yo. Staff sila te fasilite egalman jènn yo nan Karis benefisye ekspètism youn nan fòmatè chevrone ke tout moun konnen sou non Bòs Bruno Prophète ki li menm fè otorite nan domèn li, ta pral mete lajwa nan kè aprenan yo pou fason li te delivre 2 jounen fòmasyon yo.

Fondasyon TRiboLAND ki genyen nan tèt li PDG Louissaint Louis, ke tout moun konnen sou non “Papa Loulou” reyafime angajman ak volonte ke li genyen atravè tout 10 depatman jewografik peyi Dayiti pou anpeche jèn fanm ak jèn gason tonbe nan delenkans jivenil ak kenbe zam nan men yo, men pito pou mete nan tèt yo yon metye manyèl.



Comments are closed.