Premye jounen ekzamen elèv nevyèm ane fondamantal yo demare nan distri Senlwidinò a.

836

07-17-2023

Senlwidinò, Ayiti___(TRiboLAND) Ekzamen pou elèv nevyèm ane fondamantal yo, demare nan distri Senlwidinò a, jodi lendi 17 jiyè 2023 a, jan sa te prevwa sou tout tèritwa nasyonal la. Genyen 1574 kandida pou tout distri a, ki repati an 10 sant : Bono1, Ansafolè1, Dégranj 2, rès yo nan vil la.

Selon enspektè prensipal la, Mèt Rene Pubien, elèv yo ap konpoze nan fwansè ak syans sosyal nan premye jounen an.

Plizyè elèv TRiboLAND te rankontre sou lakou lekòl CPR a, ta fè kwè yo byen konpoze nan ekzamen fransè a, yo ta swete lòt ekzamen yo ta parèt pi fasil pou yo.

Daprè elèv yo, si tout ekzamen yo ta prezante nan fason sa, yo deja reyisi eprèv la.

Comments are closed.