Yon kamyon chavire byen bonè maten an nan komin Tyòt

717

07-17-2023

Tyòt, Ayiti ____(TRiboLAND) Yon moun blese san konte plizyè lòt krabinen, se bilan yon aksidan machin ki fèt byen bonè maten lendi 17 jiyè 2023 a vè 3 zè .

Kamyon an ki te gen 6 pasajè ladan l tap sòti nan komin Ansapit pou pran direksyon Kwadèboukè. Daprè chofè a, se lè li rive nan zòn Ravin Pèsi, tou prè koub Ajenò a, li te santi kamyon an patine e balanse pandan li tap chèche gen kontwòl li; malerezman ou erezman, kamyon an pandye nan ravin nan.

Chofè a ki pa gen oken grafwiyen, alòske plizyè nan viktim yo ak rezidan tap fè bwas pou pat anpeche kamyon an tonbe anba.

Comments are closed.