Ameriken Robert Brenton Nutter jwenn liberasyon li nan Okay tanporèman

893

07-16-2023

Okay, Ayiti____(TRiboLAND) Kèk jou aprè ke otorite ayisyènn yo nan vil Okay te pwosede ak arestasyon, Robert Brenton Nutter, yon sitwayen ameriken kap viv nan depatman Sid peyi a depi plizyè ane, jwenn liberasyon pwovizwa li, yè samdi a 15 jiyè 2023 a.

Enfòmasyon ki arive jwenn TRiboLAND, sujere ke se akoz pwoblèm sante Robert ki tap deteryore ki ta okazyone yon parèy liberasyon pwesipite. “Sante Bob, pat gaya ditou ditou; responsab yo oblije bay dèyè yo 2 tap, yon mannyè pou sòs la pa koute pi chè ke vyann lan”, selon sa yon sous otoritè konfye TRiboLAND.

Li enpòtan pou ou konnen, sitwayen ameriken Robert Brenton Nutter te jwenn arestasyon li jounen ki te 4 jiyè 2023 a, nan Okay, anba men Mèt Ronald Richmond, komisè gouvènman Okay la. Yo te akize Bob, deske li tap foure bouch li nan afè Leta peyi a, ensitasyon vyolans ak pètibasyon trankilite piblik. Yon seri akizasyon ki te san mwèl pou anpil sitwayen, ki estime ke otorite yo ta dwe kòmanse ak antite “Core Groupe”, ki pa sispann enjere ak pyetine souverènte peyi Dayiti san gade dèyè.

Comments are closed.