Aktivite latè tranble nan Nòdwès peyi Dayiti nan nivo 5.4 magnyitid

302
0
Share:
TRiboLAND

02-16-2023

Pòdepè, Ayiti____(TRiboLAND) Aktivite late tranble anrejistre nan zòn Nòdwès peyi Dayiti. Li te vè 1:50 douvanjou maten an jodi jedi 16 fevriye 2023 a, patikilyèman nan vil Pòdpè.

Popilasyon an te anba gro van panik ak lakilbit akoz gwoudou gwoudou a ki estime a 5.4 magnytid sou Echèl Richter a. Sekous yo tap baleye egalman vil Senlwidinò ak vil Gonaiv ki lokalize nan depatman Latibonit peyi Dayiti.

Otorite yo pa fè eta de dega ak viktim jiska prezan.

Share:

Leave a reply