Lapolis nan Tigwav nan mare kou krab Caleb Colo, youn pami prezime asasinen Vilssaint Sainval.

1,043

04-12-2023

Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Lapolis nan Komisarya Santral Tigwav nan tèt kole ak lapolis Leyogan, arive mare kou krab Caleb Colo madi 11 avril 2023 a, ozanviowon 9 vè nan aswè nan deviyasyon Leyogan nan, nan yon bank bòlèt selon fanmiy yon viktim.


Caleb Colo, ki se youn nan prezime asasen ki te touye Vilssaint Sainval ak kout manchèt nan 9è seksyon kominal Lèpal Tigwav, nan lokalite Dumas nan dat dimanch 5 mas 2023 pase a.

Pwòch defen an, ki toujou ap kriye sou disparisyon Vilssaint, felisite devouman lapolis Tigwav ak lapolis nan lakou Leyogan pou bèl kout filè sa a yo fè, kote yo rive mete men kòlèt bandi sangwen Caleb Colo, ke yo kalifye kòm pou ki ta pami sa yo ki te fè kolòn pou asasinen Vilssaint.

Andefinitiv fanmi an, ankouraje komisè polis Santral Tigwav la, mesye Samedi Bellamy pou bèl travay sa a, lap fè ak ekip li, nan kontinye ekzekite rès manda li genyen nan men li yo. Konsa, yon fason pou jije prezime asasen yo epi pini koupab yo jan lalwà prevwa sa. Anretou, jistis lakay ap arive pran jarèt.

Fanmiy Vilssaint Sainval, mande reparasyon anfavè 7 ti chovi ke li kite dèyè!

Comments are closed.