BLTS/DCPJ poze lapat sou yon resòtisan etranje fijitif nan Ayewopò Entènasyonal Toussaint Louverture

1,013

01-14-2023

Pòtoprens, Ayiti ___(TRiboLAND) Lapolis ayisyèn konfime arestasyon Ayala Lopez Ronald Domingo, yon resòtisan etranje ou prezime asasen, nan Ayewopò Entènasyonal Toussaint Louverture yè vandredi 13 janvye 2023 a.

Ayala Lopez ki se yon fijitif, te genyen yon manda pote vini entènasyonal dèyè li; lajistis dominikèn tap chèche’l tankou chyen fou, anba akizasyon zak asasinay sou Anthony Garcia alyas “Glotin” nan Repiblik Dominikèn nan mwa dawou 2022 a.

BLTS/DCPJ arive poze lapat sou Lopez, nan moman li tap trese lèl pou prana yon pou peyi Meksik. Li te genyen yon fo paspò panameyen (numero PA0793883 sou non Aneudy Yoel Lara Guerrero). Konsa, prezime asasen an genyen pou li ekstrade aprè entèwogatwà anketè BCN-INTERPOL nan DCPJ.

Comments are closed.