Nòdwès: yon group peyizan lage nan kò Jovenel Moise pou tè yo leta akapare pou konstriksyon yon èpòt

303

09\22\20


Kabarè____(TRiboLAND) Abitan k’ap viv 1è Seksyon Jean Rabel, lokalite Kabaret, blòk Fonboule, nan Ba Nòdwès denonse otorite yo yo di ki akapare tout tè yo genyen pou konstwi yon ayewopò. Tè pou konstriksyon èpòt sa a evalye a 66 kawo, selon abitan yo.

Abitan sa yo ki di yo sou tè sa yo depi 30 pou rive 80 lane, e ki pako konnen kisa mouche Leta pral di ak yo, atravè yon sitting, jounen lendi 22 septanm 2020 sa a, pa’t mete dlo nan bouch yo pou kritike konpòtman chèf Leta a, msye Jovenel Moïse, anndan dosye sila a puiske se Prezidan li menm,daprè peyizan sa yo ki te vin anpèson poze premye wòch pou konstriksyon èpòt la kote’l te distribye bay pwopriyetè yo yon anvlòp ki te gen ladan l 500 goud.

Nan moman n ap pale la, majorite abitan nan 1è Seksyon Jean Rabel, lokalite Kabaret, zòn Fonboule, ap viv nan dezespwa. Divès kay deja idantifye pou demolisyon san yo poko di peyizan malere ak malerèz sa yo ki mò ki touye Lanperè.

Se yon dosye TRiboLAND ap swiv ak anpil enterè lèn konnen mizè peyizan yo konn pase avan yo rive mete sou pye 2 chanm kay.

Saint Jean Wiskis

Comments are closed.