Peyizan yo nan premyè seksyon komin Jan-Rabèl bat bwavo lakontantman pou ti tchotcho BID mete nan pòch yo atravè yon pwojè.

897


05 – 21 – 2024

Jan-Rabèl, Ayiti____(TRiboLAND) Plizyè abitan nan komin Jan-Rabèl, patikilyèman nan premyè seksyon Lakoma, bat bwavo lakontantman pou travay mendèv plizyè bayè fon tankou, BID, FAES ak PAM pote ba yo nan seksyon an.

Dapwè jounalis Jean Hérold, ki te sou plas pou te rann yon vizit sou dewoulman travay yo, gras ak travay sa yo peyizan yo pral kapab touche anviwon 900G chak jou, yon mannyè pou kanpe goumen kont lavi chè a k’ap taye banda devan kou dèyè nan seksyon kominal la.

Pwomèt y’ap touche plizyè zòn defavorize, pou responsab FAES yo, aktivite sa yo pran nan lide pou leve eskanp figi malere malerèz k’ap patoje nan la mizè nan Nòdwès peyi a.




Comments are closed.