Fanmi Lavalas opte pou yon tèt kole istorik ki kapab fasilite yon tranzisyon divòs ak sistèm peze souse a

324

09\27\20

Pòtoprens____(TRiboLAND) Òganizasyon politik Fanmiy Lavalas lonje dwàt jouda sou yon asosyasyon mafya nasyonal ak yon krèy nan kominote entènasyonal ki kanpe an bandisyon pou òganize yon lòt kou deta electoral nan peyi e ap manniganse pou chanje Manman Lwa peyi a san aprobasyon popilasyon ayisyèn nan.

Daprè Kòdonatris Fanmi Lavalas, Doktè Maryse Narcisse ki deklare desizyon Jovenel Moise pou mete sou pye yon Konsèy Elektoral Provizwa (KEP) nan yon nivo enkonstitisyonèl ak lide pou òganize yon referendum konstitisyonèl, se yon déclaration de guerre a pèp ayisyen an ki pa sispann ap mande yon lòt kondisyon vi nan yon sistèm ki kapab pran ka moun. “Ak Jovenel Moise la, se egalman yon zak ki pou bay nesans dictatè a jarèt”, daprè kòdonatris la.

Dr. Narcisse denonse egalman masak pasi pala yo nan katye popilè yo, notamman egzekisyon Me Monferrier Dorval. Gran Toryan Fanmi Lavalas la kwè ke tout solusyon dwe pase atravè yon inite istorik avèk tout fòs progresis nasyon an kid we debouche sou yon tranzisyon kap divòse ak vye sistèm ekskluzyon ak eksplwotasyon.

Dr. Narcisse fè apèl ak tout fòs tankou patriyòt, sitwayen onèt, tout groupman ak pati politik, pase pran fòs sosyàl yo pou yo mobilize nan fè kolònn yon fason pou kondwi peyi a nan yon tranzisyon kap retire nou nan kalamite sa.

Comments are closed.