Chèf gang sangwen Simon Pele a tonbe anba bal gang tokay li Pòtoprens.

917

03 – 24 – 2024

Pòtoprens, Ayiti__(TRiboLAND) Gwo deblozay pete nan kan kayif yo lanwit samdi 23 mas 2024 la. Chèf gang Simon Pele a, Joumar ensikoni tonbe anba bal kòlèg “Viv Ansanm” li yo, apre yon ayans chèf gang John ensikoni ta pral fè kont li.

Enfòmasyon ki rive jwenn nou nan bon ti mamit, nan sal redaksyon nouvèl TRiboLAND ta fè kwè, ansyen kayif la t’al jwenn bawon te gentan dezame majorite gang Ti John yo ki ta pral san pèdi tan jwenn yon antant ak chèf gang Mathias pou kraze Joumar.

Mekontan kont alyans Ti John ak Mathias la, kout zam ta pral fè mikalaw ak makònen ak nèg devan kòm dèyè, pou te voye plizyè nan gang Joumar a al jwenn bawon, pami yo, Joumar te pase anba gwo flanm dife.

Comments are closed.